BonDye rele tout moun sou latè pou yo travay. Konsa, li bay travay yo tout valè. Ke w se yon profesè lekòl, manman oswa papa ki rete nan kay pou okipe timoun ou, biznisman oswa machan, pwofesyonèl nan yon domèn kèlkonk, oubyen yon pastè, elatriye, li bay tout travay sa yo valè.